Eko pitit Granvensan

Eko pitit Granvensan

Partager

Eko pitit Granvensan se yon medya digital ki la pou enfòme, edike ak valorize kominote Granvensan.

10/18/2026

📢🎉 JÉRÉMIE, YON GWO RANDEVOU AP TANN NOU! 💚💛

ELIE MILLIONS LOTTO ap louvri pòt li nan Jérémie! Vin selebre gwo evènman sa a avèk nou nan yon bèl anbyans, ak mizik ak animasyon! 🔥🎶

📅 Dimanch 25 oktòb 2026
📍 Rue Balthazar, ang Rue Route Neuf, Jérémie
🎤 Animasyon: Bann Pa Bloke
🔊 Sound: DJ Sony

🌳 ELIE MILLIONS LOTTO — Lafwa se rasin nou!

💚💛 Jérémie, pa rate gwo randevou sa a! Pataje nouvèl la, envite zanmi w, epi vin selebre avèk nou! 🎉
Yon bòlèt ki vin ogmante chans ou

10/16/2026

GRANVENSAN, NOU LAGE WI LA! 🔥
Nou bouke ak pwomès, nou bezwen aksyon! 🤝💪 Met men avèk nou, ann mete tèt nou ansanm pou yon chanjman total nan Granvensan. Kominote nou an merite miyò! ❤️
Chanjman an kòmanse avèk nou menm! Ann ini fòs nou pou yon pi bèl demen pou Granvensan. 🇭🇹
📢 Like, pataje, kòmante epi fè mesaj la rive jwenn tout pitit Granvensan!

Photos from Eko pitit Granvensan's post 10/15/2026

🔥⚽ GRANVENSAN PRAL VIBRE! ⚽🔥
Nan okazyon fèt patronal St Martin de Tours, k ap selebre 11 novanm k ap vini la, yon tounwa foutbòl lanse jodi mèkredi 14 oktòb la nan lakou St Martin de Tours! 🎉❤️
Objektif la se mete tout zòn nan nan anbyans, pote lajwa, ini kominote a epi fè foutbòl la fè kè Granvensan bat pi fò! 🥅🔥
📢 Granvensan, anbyans lan kòmanse! Rete branche pou nou pa rate bèl moman sa yo!
👍 Like, pataje, kòmante epi swiv paj la pou nou ka viv tout bèl moman tounwa sa a ansanm!

Photos from Eko pitit Granvensan's post 10/13/2026

🔥🍌 NOU SOU WOUT POU N VIN PIBÈL! 🍌🔥
Nou fèk kare taye banda nan mitan kè Sant lan! ❤️💚
Se fyète nou, se idantite nou, se lanmou nou pou kominote nou! Nou se Pawas St Martin de Tours de Grand-Vincent, yon kominote ki gen anpil istwa, anpil lafwa ak anpil lanmou! 🙏⛪❤️
Grand-Vincent, se lakay nou! Ann kontinye fè l briye! 🌟🍌
👍 Like, pataje, kòmante epi ede nou fè bèl imaj sa yo rive pi lwen!

10/09/2026

YON TRANBLEMANNTÈ MAYITID 4.1 SEKWE JEREMI
Yon tranblemanntè ki te gen yon mayitid 4.1 sou echèl Richter te siyalize jedi 8 oktòb 2026 la, vè 8 è 59 minit nan aswè, nan vil Jeremi, nan depatman Grandans.
Plizyè abitan nan zòn nan te santi sekous yo, sa ki lakòz enkyetid nan mitan popilasyon an.
Pou kounye a, poko gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki konfime si tranblemanntè a lakòz dega materyèl oswa si gen moun ki viktim.

10/09/2026

ALÈT NOUVÈL | GRANVENSAN, WOZO
Apre yon jounen kote lapli pa t sispann tonbe, yon kout tranbleman tè ki te dire yon ti tan te santi nan lakou Granvensan, komin Wozo, depatman Grandans, vè 8è nan aswè a.
Pou kounye a, nou poko gen enfòmasyon konfime sou fòs tranbleman tè a ni sou posib dega li ta ka lakòz.
⚠️ Nou envite tout moun rete vijilan, evite estrikti ki ta ka domaje epi swiv enfòmasyon ki soti nan sous ofisyèl yo.
📢 Si nou te santi tranbleman an tou, fè nou konnen nan kòmantè yo. Pataje enfòmasyon an pou ede kominote a rete enfòme.

Photos from Eko pitit Granvensan's post 10/08/2026

Nou pap janm bouke pataje bèl imaj sa yo, paske chak imaj pote yon moso nan kè nou. ❤️🔥
Se pa sèlman foto n ap voye sou rezo yo… se lanmou nou, fyète nou ak pasyon nou pou kominote Granvensan an n ap pataje ak tout moun. 🫶🏽🌍
Chak souri, chak moman, chak aplodisman se yon temwayaj sou fòs ak bèl enèji kominote nou an. Lè nou ansanm, nou pi fò. Lè nou ini, nou fè Granvensan briye pi lwen! ✨❤️
Nou se Mondialito Granvensan! ⚽🔥
Kè nou se Granvensan, fyète nou se kominote nou! ❤️💙
Ann kontinye fè bri, ann kontinye pataje lanmou an, paske Granvensan merite tout bèl limyè a! 🙌🏽🔥

Photos from Eko pitit Granvensan's post 10/08/2026

🏆⚽ PYE DOUS, PYE DOUS, CHANPYON! 🏆🔥
Gran final Mondialito nan lakou Granvensan 3 zyèm edisyon ant Shelby st Martin ak Pye Dous De Jeremi, te yon moman ekstraòdinè! ❤️🔥
Pye Dous leve 70,000 HTG kach la 💰🏆. Komite a felisite chanpyon yo pou bèl pèfòmans sa a! 👏🎉
Se te yon bèl moman chaje ak emosyon, kè kontan ak chalè. Tout kominote a te mete ansanm pou l te viv gwo moman sa a. 🙌❤️
Nou di mèsi anpil ak tout fanatik foutbòl yo, tout sipòtè yo ak tout zanmi Mondialito ki te toujou reponn prezan. Se gras ak nou tout bèl avanti sa a te posib. 🙏⚽🔥
Mondialito Granvensan: foutbòl, inite ak kominote! ❤️🏆

10/03/2026

🔥🏆 MONDIALITO GRANVENSAN AP TANN NOU TOUT! ⚽🔥
Lendi 5 Oktòb, se GRAN FINAL la! 😍🔥
Yon dènye randevou ki pral chaje ak chalè, emosyon, sipriz ak gwo anbyans! 🎉⚽
📍 Granvensan
🗓️ Lendi 5 Oktòb
Pa rate gran final la! Vini viv moman an avèk nou! ❤️🔥⚽
👍🏾 Like | 🔄 Pataje | 💬 Kòmante | ❤️ Swiv paj la

Photos from Eko pitit Granvensan's post 10/03/2026

🔥⚽ MONDIALITO GRANVENSAN 2026! ⚽🔥
Ki jwa! Ki chalè! Ki bèl emosyon! ❤️🔥
Mondialito a fè Granvensan vibwe! Chak match, chak gòl, chak aplodisman se yon moman espesyal. 🙌🏾🎉
Mèsi ak tout moun ki reponn prezan pou fè bèl fèt foutbòl sa a tounen yon gwo moman pou tout kominote a! ❤️⚽
Granvensan pap dòmi! Mondialito a nan san nou! 🔥🔥
👍🏾 Like | 🔄 Pataje | 💬 Kòmante | ❤️ Swiv paj la
Ban nou tag!

Vous voulez que votre entreprise soit en tête de la catégorie Salon De Beauté à Montreal ?
Cliquez ici pour obtenir votre annonce sponsorisée.

Téléphone

Site Web

Adresse

1027 Rue Street Helene
Montreal, QC
J4K3S1

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Eko pitit Granvensan publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Montreal.