Superstars Top-G
avocat
Professionel en electricité
Professeur
28/08/2026
Kòd Sivil Ayisyen an di lè w ap plante yon pye bwa asire ke w kite yon distans 6 pye oswa 182,88 santimèt parapò ak pwopriyete vwazen w lan, nan ka kontrè (si w pa respekte distans lan) vwazen w lan ka mande pou w rache pye bwa sa menm si se sou tè w ou plante l.
Si branch pye bwa w la travèse sou pwopriyete vwazen w lan li ka egzije w pou w koupe tout branch ki travèse lakay li yo, men si se rasin pye bwa w la ki travèse lakay li, li ka koupe yo poukont li san pwoblèm.
Tout pye bwa ki twouve l nan mitan lizyè a se pou tou 2 vwazen yo, tou 2 vwazen yo ka jwi pye bwa sa yo san pwoblèm (tankou rekòlte fwi yo, jwi lonbraj pye bwa, pwofite de bèlte pye bwa, elatriye), epi nenpòt nan vwazen yo ka mande pou pye bwa sa koupe menm si l pa jwenn konsantman lòt vwazen an.
24/08/2026
24/08/2026
💯 100% verite! Pafwa, se pasyon nou, rèv nou ak objektif nou ki ban nou fòs pou n kontinye. Men tou, se antouraj ki kwè nan nou, ki ankouraje nou epi ki monte moral nou ki ede nou pa febli. ❤️🔥
Lavi inivèsitè pa t janm fasil, men lè w konnen poukisa w ap goumen, ou aprann kenbe fèm menm lè bagay yo difisil. 🎓💪🏽
Pa abandone rèv ou. Yon jou, tout sakrifis yo ap gen sans. ✨
24/08/2026
🐦 Èske w te konnen?
Èske w te konnen ou pa dwe touye bèt volay sovaj yo jan w vle? 🐦🌿
Lalwa ayisyen an regle lachas epi li pwoteje plizyè espès zwazo. Gen zwazo ki anba pwoteksyon total, epi lachas san pèmi oswa ak kèk mwayen entèdi ka konstitye yon enfraksyon. ⚖️🇭🇹
Pwoteje zwazo yo, se pwoteje lanati. 🌳🐦
— PETER LE JURISTE 👨⚖️ Superstars Top-g
Éloquence
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Miragoâne
