Zafè lanmou
Byenvini nan page zafè lanmou an kote ke nap aplike respè yonn pou lòt, mèsi.
Renmen yon moun se tankou yon kout eklè, renmen yon moun se tankou yon zetwal ki file, lanmou se yonn nan bagay ki pur e ki si pwisan, poum di nou byen gen anpil nègès ki panse lè yon nonm vin pale ak yo se jou sa li te tonbe pou li, li si difisil nan vrè lanmou an pou apwoche yon nègès menm jou an ou te mèt nan nenpòt nivo flannèw ou pap gen ase de kouraj pou fèl, paske ap gen yon feblès kapital nan sans sila wap toujou jwenn ou apwoche pi vit yo se yon bagay ke jwenn nan li ki enteresew, ebyen nan vrè lanmou an se tankou mwen ta ka diw menm wou ou pral poze tèt ou kesyon poukiw renmen'l ou pap janm jwenn rezilta nan kontèks sila se kite lanmou mennenw kite lanmou gidew, lèw renmen fanm ou pa kite moun kap vin diw anyen sou li pa okipe moun kap diw kotew prale a fanm sila, lèw tande sa yo se fè tankou'w pa tande epi wap wè tout sa moun ap diw de li se renmen wap vin renmenl plis, waaw sa se yon bèl leson mwen menm WannLee kap pale la di nou, map repetel ankò!! Lèw renmen fanm ou lè moun ap palel mal se pousantaj lanmou ou yap ogmante pou li san yo pa konnen, ebyen nou menm medam aprann konnen lè yon gason renmen nou kijan pou nou tretel , nou menm mesye fanm renmen nèg ki gen karaktè menm lèw ka gen feblès lan men toujou demontre ke se ou ki pote kanson an se li ki pote pantalèt la, mwen pa dil pou kapab ri men se laverite, gen nèg tou ki renmen fanm djanm ki renmen fanm ki otoritè ebyen kounya se ou menm ki pral konnen kijan pou jere fanm sila, ak sajès ou toujou pratike imilite lè pou pratikel.
Apwann mande fanm ou padon , ou menm fanm apwann mande non'm ou padon!! Nan lanmou pa gen ni wo ni kout ni gwo ni piti se apwann tolere apwann aksèpte apwann padone, toujou kreye yon moman ki favorab pou nou ranje ti pwoblèm nou yo, pa rakonte zanmi pa rakonte fanmi.
Mèsi paskew te li e pataje svp pa neglije abone paske map pote plis lòt detay.
Mesye gen yon bagay ki enpòtan anpil nan lanmou se lèw aprann fè kè menaj ou kontan ak yon bagay ki piti, nenpòt fanm li ye an depiw fèl kado yon grenn sirèt mwen garantiw sa ap rive sou li anpil, pa pansel twò piti pou ta bay li, aprann fèl kado yon flè choublak tan'w ta fèl kado yon boukè ki koute anpil lajan, mwen pa diw pa bay li gwo non! Men aprann pratike sa ki piti yo tou, fanm renmen lè zong ou bèl gen fanm wal pale ak li premye kote li gade se zong menw epi aprann jere cheve ki nan tèt nou, fanm renmen lèw santi bon , menm lèw pa ka achte yon gwo mak pafen kanmenm pran yon piti depiw konstate ke sant lan agreyab, konsa konsa mwen panse ou fè anpil pwen.
Medam, pouki nou oblije ap mande yon nèg sil renmen'w tout bon aprè ou fin antre nan relasyon seksyèl ak li?
Nou panse li tap janm di non?
Pouki lè li fin reponn wi nou pa janm vle kwè?
Ebyen nan lanmou pa gen ap plenyen poze kesyon sil renmenw ou pa, reyaksyon yonn anvè lòt ap toujou montrew sa nan relasyon an.
Pou zafè jalouzi an i genyen lè pou fèl ak lè pou pa fèl, jalouzi vrèman se fri lanmou e menm jalouzi mank de konfyans ou pwouve patenè an twòp lè sa ou vin sòti ou trayi pwòp tèt paw san rann kont, mw kòman ou trayi tèt ou san rann kont lan!
Lèw nwi patenè an twòp li vin panse ke ou menm wap mennen yon vi ki pa bon ou byen wap mennen yon vi ki pat bon, kèk ti egzanp!
Se pou'w toujou mete patenèw an konfyans lap renmen sa anpil.
Gen anpil lòt erè nou poze ki grav nan relasyon yo anpil e lè sa ou tonbe nan dlo pi vit kap pèmèt relasyon an pa dire tankou!
Lè nou fenk renmen nou toujou pi cho yonn paka manke lòt nou fè jounen nwit ap pale nan telefòn san rete e nou santi nou ta va ap bo san rete tou, non sa pa bon paske fòk ou bay moun lan yon ti alèz yon ti tan tou paske pi devan ou pral pap ka tandel tout jounen ankò men erè sa plis soti bò kote mesye fòk nou evite sa.
Yon lòt bagay ankò pa gen lanmou san sakrifis men gen sakrifis pou nou pa janm fè medam paske gason an ka tou pa enterese a ou ankò li pap konnen si se lanmou kap mennew lap jis pamse siw ka fè yon koulè sakrifis konsa pou te kapab rankontre ak li lap tou pranw pou pa serye, e menm mache fè moun pou ou poul di sal te panse a entèl lan se pa sa ditou, sa se premye piblikasyon sou paj lan, ankouraje mwen, mèsi dèskew te li ak atansyon.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Site Web
Adresse
Ville De Limbé
