Zen pete lakay

Zen pete lakay

Compartilhar

slt mes amours paj sa mw fèl poum ka poste zen son paj 100% zen ou menm ki renmen retire stress ebien pa bliye abonné love u

07/10/2026

Blondedy al Kay Bestie li Rutshel lal sipòtel li tou edel fè manje

04/10/2026

Carole bay lis atis fanm ki pi rizèz la 😳

04/10/2026

Djoulie dedouble aprè NiceB te finn menasel

02/10/2026

🇭🇹🔥 AYITI VS SENDOMENG 🇩🇴⚽

Apre nou fin bat Dominiken yo 4-1, Ayisyen yo deside netwaye estad la. 🧹🇭🇹 Yo pran tan pou yo pwòpte estad la byen pwòp, pou Dominiken yo pa gen anyen mal pou yo di sou nou. 👏🏽❤️

Mezanmi, mwen sezi wè kantite Ayisyen ki te deplase pou al sipòte Grenadye yo! 😍🔥 Nou te vrèman mobilize pou match la, e mwen kontan anpil pou viktwa sa a. 🇭🇹⚽

Men sa ki pi bèl la, se jès la: apre match la, nou kite estad la pwòp! 👏🏽🧹

Mèsi, Ayisyen! Lè nou vle, nou ka fè anpil bèl bagay. 🇭🇹❤️🔥

01/10/2026

Blondedy kanpe rèd a Rutshel mezanmi Blonde anfom ui senti 8 bouda 40

01/10/2026

💕 BLONDEDY AK RUTSHEL, BESTIE POU LAVI!

Mezanmi, Ayisyen telman pa renmen lè yo wè moun ini, sa fè gen kèk moun k ap akize Blondedy kòmkwa li ta avili Rutshel. 👀

Nan jou ki sot pase yo, gen kèk dosye sou Rutshel ki pran lari, e pèp la di se Blondedy ki ta lage yo pou fè medam yo fache. 😩

Poutan, medam yo toujou rete soude! 🤝🏽❤️ Blondedy kontinye ap ede Rutshel fè pwomosyon e li toujou ap montre li la pou zanmi li. 🔥

Pèp la, nou egri de renmen amitye sa a wi! 👀😂💕 Hmmm…

29/09/2026

🚨 ISTWA MADAN JACOB LA

Mezanmi, depi yè gen yon rimè k ap sikile ki ta vle fè konnen Madan Jacob soti nan prizon. 👀

Ebyen, se pa vre! Li toujou nan prizon. 🚨

Gen anpil moun ki pran lapenn pou sa k rive l la, pandan gen lòt ki di yo pa twò sezi, paske Madan Jacob te konn fè anpil deklarasyon ki te konn kreye polemik sou entènèt la. 😬

Madan Jacob te chwazi bati popilarite l nan pale jan li vle sou entènèt la, e sa te fini pa fè l gen anpil moun ki pa t renmen l.

Kounye a, anpil moun ap espere lè li soti nan prizon, li va chanje fason li konpòte l sou rezo sosyal yo. 👀

Antouka, n ap suiv dosye a… 👀🔥

28/09/2026

🔥 BLONDEDY FÈ YON NOUVO TATOU!

Jodi a, Blondedy te al fè kèk nouvo tatoo, epi li tou pwofite ekri non biznis li sou kò li. 😍🔥

Bèl bagay! Men, mwen wè li te pran twòp tan pou l fè tatoo sa a, paske nou tout konnen kote Blondedy soti ak kote li rive jodi a nan biznis li. 👏🏽💪🏽

Li pran jouman, yo akize l, yo di anpil bagay sou li, men malgre tout sa, li pa janm dekouraje. Jodi a, biznis li yo ap miltipliye! 🔥🔥

Bravo fanm djanm! 👏🏽❤️ Kenbe la, Blondedy! 💪🏽👑

27/09/2026

🚨 DOSYE CHO K AP FÈ BRI SOU NÈT LA

Gen yon jèn gason yo prezante sou non Maylon Foshee, ki gen 23 an, e yo di li t ap viv ann Ayiti epi li te asosye ak yon òganizasyon k ap jere yon òfelina nan zòn Gonayiv.

Dapre enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo, yo di otorite ameriken yo te arete li 22 septanm, epi yo ta jwenn materyèl sou telefòn ak laptop li ki ta fè pati yon ankèt sou akizasyon grav konsènan abi sou timoun.

Pèp ayisyen an te konn suiv li anpil sou TikTok, e yo di paj li te rive nan anviwon 100,000 abonnés.

Mezanmi, ann pran sekirite timoun yo oserye. Pa kite aparans yon moun oswa pozisyon li fè nou bay konfyans san limit. Pwoteje pitit nou 🙏🏽🚨

26/09/2026

🔥 ISTWA K AP FÈ AKTYALITE SOU NÈT LA!

Pèp la resi wè madanm Alan Cave la, e yo sezi wè jan Alan parèt pi jèn pase madanm li! 😂👀

Poutan, se pa paske Alan renmen ak yon granmoun non! 🤣 Se jis paske Alan gen bon tin, li pa sanble ak laj li ditou. 😩🔥

Gen moun nan pèp la menm k ap di Alan sanble li reenkane, se pou sa li pa janm sanble ap pran laj! 😂😂

Hmmmm… kisa nou panse, mezanmi? 👀🤣

Quer que seu negócio apareça em primeiro lugar na categoria Salão De Beleza em Curitiba?
Clique aqui para requerer seu anúncio patrocinado.

Endereço


Curitiba, PR

Notificações

Seja o primeiro a saber: enviaremos um e-mail para você quando Zen pete lakay publicar novidades e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado para nenhum outro fim, e você pode cancelar a inscrição a qualquer momento.

Inscreva-se

Avisaremos você sempre que algo acontecer em Curitiba.