Santew Se Priyorite Nou
Santew se priyorite nou
17/04/2023
07/04/2023
27/12/2021
Siw bezwn fè vizaj ou bèl, elimine tach ak bouton ak savon curcuma saa, wap jwenn solusyon se yon savon naturel li netwaye pow li retire tach fiy kou gason ka sèvi aVel moun nwa moun rouj ka sèvi,
+56931374929
19/08/2021
Mank kantite matozoyid
Yon gason ki gen spèm ni feb ebyen li difisil poul anseinte Yon fi
Mesye Dam Fok MWen Di nou maladi sa frekan anpil,li ka frape nenpot gason an,li ka rive souw nenpot lè paske se Yon maladi li ye,akoz maladi sa anpil neg konn genyen sa konn rann madanm yo pa ka ansent poutan yo panse se fanm n'an ki gen poblem nan,wi fanm n'an ka gen poblem vre tankou kis, fibrom tronp bouche etc pafwa yo konn pa gen maladi sa yo,yo konn nomal daprè analiz doktè Di yo,lesa ou menm gason an ou dwe Al fe analiz spèm w tou pou we si se pa ou menm ki gen dechay feb la,ki pa k gros fanm nan.menm lew te gen pitit déjà maladi a ka frape w,m konseye nou mesye toujou WE doktè le nou WE madanm nou pa k ansent,se k nou ki poblem nan tande
Bref m'en sa wap gen bezwen
Wap bezwen grenn l'ay
Wap bezwen let an dlo(se pa let anpoud)
Wap bezwen bannan mi.
Komanw pral prépare yo
Se jis Yon ji wap fè,kale l'ay la,mete let la,mete fig mi an ebyen blennde yo ansanm,jis fe ji sa pouw bwe.
Se jis Yon vè maten épi Yon vè sware,savle Di 2fwa pa jou.pandan Yon mwa,apresa Al fe analiz la anko,konsa tou fanm nan ka gentan gros.
Menm siw pa gen maladi sa ou ka fel,ou ka bwe ji sa pouw évite maladi sa antre nan w.
REMED POU FI KI GEN KIS NAN TETE
03/06/2021
#12 bagay yon Fi pa dwe fè lè nou renmen ak yon gason
Medàm mwen yo, jan mwen te pwomèt nou an jodi an secret de l'amour vin pale ak nou. Rale ti chèz ba'w pou'l vin aprann bagay ak nou.
1- Pa janm nan al dòmi leve kay yon nèg ki jus renmen avè w. Eske'l marye avè'w? Men aprann bay tèt ou valè ma chérie. Sa se foli pote non madanm ou genyen, foli dòmi ak nèg, tann lè w.
2- Sispann plede achte kado pote bay manman'l, mwen pa di'w pa ka fel yon ti kado. Men ou tounen tonton nwèl nan bay kado telman ou anvi gen nèg la Ou tounen esthéticienne pa fòs nan penyen sè'l kouzine li, wap fè zong yo, tout sa pou yo ka aksepte w nan fanmi an. Yap griyen dan sou ou paske yo we'w se yon dezespere. Aprann bay tèt ou vale demoiselle...
3- Sispann pote bag fiyansay yon nèg ki pa menm konnen kote paran 'w rete. Ou pa wè se tan'w wap pèdi sista? s
4- Sispann poste'l tout jounen sou facebook, Whatsapp pandan li pap fè l pou ou paske'l pa konsidere'w vre kòm fanm li. Wap bloke yon nèg serye ki te ka byen anvi avè'w pou granmesi...
5 - Pa meprize ni joure nèg kap ekri'w oubyen koze avè'w sou pretèks kew angaje deja. Oh je suis prise poutan nèg la ap fè w monte le ciel pa do...
6- Sispann tounen servante nan lave, pase, fè manje pou li, epi lakay li ankò wi souple. Banm pozew yon ti kesyon: Poukisa li pral marye avè'w la? Bon ou deja jwe wòl madanm nan... Mwen pa di si li nan nesesite nou paka fè yo pou li non, men eseye jere sa yon fason
7- Pa janm dezobeyi paran'w poutèt yon neg ki renmen'w. Paske anpil fwa se menm nèg sa ki pral fè w pran pi gwo desepsyon nan men fanmi w ak zanmi w...
8- Pa janm prese ouvri janm ou bay yon nèg jus paske'l di'w lap marye avè'w, se yon moun tankou w li tap chèche, kote'w te ye depi tann dat sa Soyez vigilantes les filles...
Mwen pa di nou pa antre nan relasyon ak nèg ki nan vi nou an non, men fòk ou sètifye ke moun sa se pa yon sèlman kèk moman li vle pase avè'w...
9- Pa janm aksepte mennaj filme'w pandan ou avè'l ap fè lanmou oubyen fè bagay. Se ak sa anko li gen pou'l sèvi kom presyon lè w ta anvi kite'l. Kenbe prestij ou ti chérie, pa sal imaj ou.
Menm ke'm konnen ak ti pawòl sa nèg k'ap li post lan pral vle lapide'm, men se bon prensip m'ap bay🙏
10-Pa janm aksepte rete ak yon gason kap leve men sou ou sou pretèks ke lap chanje yon jou. Sou pretèks ke'w renmen'l anpil e ke'w pa vle pèdi'l. Wap delivre wi men jou sa lap telman bat ou wap tou mouri. (Dezole si'm di sa, e se pa sam ta swete). Men fò w sispann rete nan yon relasyon esclavaj.
11- Pa janm rete ak yon nèg kap banboche, pran fanm pasi pala sou pretèks ke pa gen gason ki fidèl. Ou bezwen anpil lapriyè ma fille paske OUI gen gason ki fidèl.
12- Pa janm panse ke depi'w ansent pou li nèg la deja pou ou. Tu te trompes ma cocotte, gen twòp blofè deyò a, ansent pa ka fè yon nèg rete avè'w. Lè sa ou pral mete yon inosan sou tè a yon timoun ki pral petèt pase mize, ki pral poze w kesyon: manman kote papa'm, men w pap ka reponn paske se nan naiveté w ke sa rive'w. Ou te twò dezespere...
Pa bliye ak paj enfòmasyon sou sante
03/06/2021
JODIA MPOTE YOU RIBRIK KI PALEW KIJAN POMAD VASELINE IMPORTANT .
👉Nan ribrik jodi a mwen vin pote yon bagay anpil moun konnen janl bon men te gen anpil moun tou kipat konnen.. Ebyen medam e mesye vin gade tout bagay pomad vazlin ka fè..
👉-OUGEN ON TENIS TRO SERE, KI BAW MAK NAN PYE.
-pase vazlin nan ti zo chevi an, e pase tikal nan tenis lan
👉PO BOUCH OU SÈK SÈK
-leswa avanw dòmi, pase ti pomad vazlin nan po bouch ou
👉ON KÒL KOLE 2 DWÈT OU.
-Pran pomad vazlin nan, pase nan kòl la byen pase. Epi lapè,👉
👉ON BAG MARYAJ KOLE NAN DWÈT OU?
-fouye dwèt sa nan on bokal pomad vazlin. Epi ap retire bag la dousman.
👉OUGEN ONTI BOUTON FYÈV?
-pran onti koton pròp, met ti kal vazlin epi tapel sou bouton an. Jis li efase
👉OU GRIPE, OUGEN BRONCH
*chofe ontikal pomad vazlin epi pase nan estomaw avanw dòmi
👉OU GEN MAK BLESE , MAK BRILE
*pase vazlin dousman nan zòn nan, wap wè sikratrizasyon an ap fèt pi rapid.
👉MENW AP DEPAYE, YO PLISE, YO FÈ ZANPOUD
-leswa avanw dòmi pase vazlin nan menw epi mete gan pou dòmi
ZONG OU LÈD, OUVLE YO BÈL
-pase vazlin nan zong ou
👉OU PAKA MET SOULYE KIPA FÈMEN , TÈLMAN PYEW LÈD. PYEW GEN RIYÈL
-lèw fin benyen nan aswè, pase graj dèyè pyew epi byen pase vazlin nan , nan pyew. Epi mete chosèt pou dòmi.
👉OU BEZWEN SOUSIW BÈL E POUSE
-pase vazlin nan yo
👉SI PO KWIS OU RÈD, SÈK ,FÈ GAL.
-Pase vazlin nan souli
👉POU SECHRÈS VAJINAL
-yo itilize vazlin kòm librifyan pandan rapò seksyèl lan.
👉NETWAYE KWIYÈ, VESO, LAKAY OU.
-ni metal, ni aliminyòm, ajan, lò , kròm, asye.. Vazlin ka netwaye tout.. Jis mete tikal vazlin sou onti twal epi pasel.
👉TENIS OU, OUBYEN SOULYEW TRO PITI POU OU
-pase pomad anndan yo epi mete yo deyò pran onti lè solèy
👉OU GEN ON KOTE KI AP FÈW MAL, LI RÈD.
-fè onti masaj nan zòn ki rèd lan ak pomad sa.. Wa banm nouvèl aprè.
👉FIGIW GEN BOUTON, MAK TACH, OU BEZWEN KLÈ SAN DOUKO
-m'pap ba ou vazlin nan konsa, tem fèw melanjel.
-pran tikal vazlin
-pran 1 sitron
-al nan famasi achte on vitamin E.
👉Melanje vazlin nan ak sitron an epi lage vitamin E a. Byen melanje yo, pasel leswa avanw al dòmi epi dòmi avèl.. Aprè 4 fwa nan on semaine , wa komanse etone😍.
👉OUGEN VERGETURES. SA NOU RELE MAK PITIT LA
-napral fèw jere sa ak vazlin 👇🏾
-pran tikal vazlin
-onti kiyè pat dantifris
-1 zonyon blan oubyen wouj
👉Graje zonyon an, epi tòdel pran dlo a epi al bat li ak vazlin nan e pat dantifris la.. Pase melanj sa sou mak yo chak swa
👉TETEW TONBE, OUVLE YO APIK.
-tem edew a vazlin.
👉Men sawap fè.
Pran:: 1kwiyè pomad vazlin
-1 kwiyè bè
-1 kwiyè lwil funegrec( lwil sa pa fasil, men gen moun kap vann li sou facebook. Al chache wap jwenn)
👉Byen melanje tout sayo epi fèti masaj pandan wap fè ti moute tete a. Chak maten e aswè ..
👉WAP SOTI , OU BEZWEN TI VIZAJ OU PÈCH, LÈW FIN BENYEN
-melanje tikal vazlin ak colgate. M' byen di wi (colgate).. Byen bat yo ansanm epi pase nan vizaj ou 30 minit avanw al benyen... Aprè wawè jan wap fen
👉SAW DWE KONNEN
-se nou sèl ki konsa sou facebook lan, nou se la page des pages
-vazlin gen on ti non gélatine tou
-Vazlin fèt ak petròl ki sot anba tè an
👉Gen bon, gen fo.. Wap wè onti logo blan kigen onti ekriti an anglè devan anba. Gad foto a.. Se ki Li nan bon an.. Ouwè bon vaseline sa, ougen onti doulè la nan on pati nan kòw la, li kalmel sèk..
-Vazlin vrèman bon pou cheve. Nou tout konn sa. Dayè se pomad liye
👉siw vle sipòte travay nou ap fè ou ka kontakten sou messenger epi na pale plis.
👉Le sa nap kapab partage numero nou avew .ou ka mande konsey tou sou sante ak siw gen pwoblem nan koup ou .nap toujour la poun baw bonjan kosey sou sa e edew rezoud pwoblem yo.
Crédit :Se te doc love(Moïse P Kenold)
Mesi paskew te like e partager ribrik la.
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.
Categoría
Página web
Dirección
Santiago
9080000
