Nati-Rèl Ayiti

Nati-Rèl Ayiti

Partager

Ak Nati-Rèl Ayiti, ochan pou lanati! Ochan pou cheve natirèl ou!

17/09/2026

PRI GWOSIS NAN NATI-RÈL AYITI

Nan Nati-Rèl Ayiti, nou gen sousi pou nou fè plis moun gen aksè ak pwodui nou yo, pi plis chak jou.
Nan objektif sa, nou mete inisyativ *Pri gwosis* sou pye pou nou pèmèt plis moun rejwenn nou pou n kolabore ansanm. Ou kapab vin distribitè otorize, patnè oswa revandè pwodui Wozo Mapou yo, plizyè kote nan peyi a epi pataje yo ak kominote w.

Konsa, plis moun ap benefisye de byenfè lanati atravè chak grenn pwodui ki nan gam Wozo Mapou a. Kontakte nou pou plis enfòmasyon!

(509)3870-9660

Photos from Haitianlocksfestival's post 31/08/2026
18/08/2026
Photos from Nati-Rèl Ayiti's post 10/08/2026

Nati-Rèl Ayiti byen reprezante nan Afrofest Kreyòl ❤️‍🔥💯🌴

Photos from JEEVPROMOHAÏTI's post 10/08/2026
Photos from Haitianlocksfestival's post 12/06/2026

Kontakte nou pou tikè pa w la!!!

Photos from Haitianlocksfestival's post 12/06/2026

Nati-Rèl Ayiti ak Wozo Mapou ap prezan pou penyen lòks ou epi fè w jwenn pwodui natirèl adapte pou ou pran swen yo!!!

Photos from Haitianlocksfestival's post 28/04/2026

Haitian Locks Festival, 4 jiyè 2026, ou pare??!

Photos from Nati-Rèl Ayiti's post 06/02/2026

BOB MARLEY AK LÒKS LI: Yon pakou nati ak libète

Bob Marley se yon ikōn rege ki te chwazi kite lòks li pouse. Dat 6 fevriye sa, ki se yon komemorasyon nesans li an 1945, se yon okazyon pou yon ti rale fèt sou pakou cheve li.
Bob Marley kòmanse lòks li vè 1963-64, ak yon afwo li kite pouse lib, ki t apral pouse e fòme mèch yo natirèlman. Dimansyon yo se mwayen ale nan gwo. Cheve yo vin mele youn ak lòt, y ap kole nan rasin epi pwent yo rete separe. Pwosesis se rele "free form" e rezilta a gen plizyè non yo ba li: "Nati", "Nati Djwed", "Kongo", "Djwed pat"...
Dapre yon entèvyou Bob Marley te bay .fr nan lane 1978, lòks li se yon senbòl respè pou lanati. Li pa manipile yo, li kite yo fè chemen yo e lave yo regilyèman.
Lòks li se rezilta libète e se pa yon senp kwafi.
Pou li ki se yon rasta, kenbe cheve yo e kite yo pouse lib e libè se respè youn nan prensip ve Nazireya a (Nonb 6:1-21), ki se yon konsekrasyon pou Jah.

KF : heartafact.com
reddit.com

Catégorie

Téléphone

Adresse


Pétionville

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:30
Samedi 09:00 - 17:30
Dimanche 10:00 - 17:00

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Nati-Rèl Ayiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Pétionville.