Prodwi lakay pam
Se Yon pwodwi santé ki edew w Jwenn tretman pou kelke swap maladie w genyen ak remède natirel wap jwenn sou paj sa a.
10/07/2026
👣 GEN YON MISTÈ ESPIRITYÈL NAN PYE W…
(satan konnen sa anpil moun pa janm aprann)
Gen moun ki priye pou tèt yo…
yo priye pou men yo…
yo priye pou fanmi yo…
Men 🔥 yo pa janm konprann gen yon bagay espirityèl trè pwofon konsènan PYE yo.
⚠️ Men revelasyon anpil moun pa janm tande :
Pye w pa sèlman sèvi pou mache…
yo konekte ak direksyon destin ou.
Se poutèt sa Satan toujou ap eseye atake :
* chemen moun,
* direksyon moun,
* mouvman moun,
* avansman moun.
📖 Lè Jezi te lave pye disip yo nan Jan 13:5, sa pa t sèlman yon jès imilite…
🔥 Se te yon mistè espirityèl.
Paske Bondye konnen :
Sa yon moun manyen enpòtan…
men kote pye li mennen l pi danjere toujou.
⚠️ Koute sa byen :
Gen moun ki pèdi lavi yo pa paske yo mechan…
Men paske yo antre nan move kote.
Gen relasyon ki detwi moun paske pye yo mennen yo la.
Gen peche ki antre nan lavi moun paske pye yo mache nan move direksyon.
📖 Sòm 119:105 di :
“Pawòl ou se yon lanp pou pye mwen…”
Poukisa Bib la pale de pye?
Paske :
👣 pye reprezante direksyon,
👣 chemen,
👣 avni,
👣 destin.
🔥 REVELASYON :
Satan pa bezwen touye yon moun touswit…
Li jis bezwen detounen pye l sou move chemen.
Se poutèt sa anpil atak espirityèl konekte ak :
* kote ou frekante,
* moun ou vizite,
* anviwònman ou antre ladan,
* move teren espirityèl.
📖 Jozye 1:3 :
“Tout kote pye nou foule, mwen ba nou li.”
Sa vle di :
Pye w kapab pote :
✅ viktwa,
✅ otorite,
✅ benediksyon,
✅ nouvo tèritwa.
Men si pye w pa konsakre :
⚠️ yo kapab mennen w nan :
* destriksyon,
* move alyans,
* move lespri,
* echèk,
* peche.
🔥 Men yon lòt mistè anpil moun pa konnen :
Gen moun ki toujou ap fè move rèv,
toujou santi lou,
toujou fatige espirityèlman…
paske yo pa janm priye sou direksyon lavi yo.
Ou bezwen priye :
* avan ou soti,
* avan ou dòmi,
* avan ou antre nan kèk kote,
* avan ou pran kèk desizyon.
Paske tout chemen pa soti nan Bondye.
📖 Pwovèb 14:12 :
“Gen chemen ki parèt bon pou moun, men finalman se chemen lanmò.”
⚠️ Sonje sa :
Pye w kapab mennen w kote benediksyon Bondye ye…
oswa kote destriksyon ap tann ou.
Se poutèt sa yon moun ki vle mache avèk Bondye dwe :
✅ veye chemen li,
✅ veye kote li antre,
✅ veye direksyon li pran.
🔥 Chak maten di :
“Seyè, dirije pye mwen kote volonte ou ye.”
Paske lè Bondye gide pye yon moun :
* destin li pa pèdi,
* demon pa bloke chemen li,
* favè Bondye mache devan li.
✍🏽Apôtre Jean Feder Maison
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Lalue Rue Robin # 258
Port-au-Prince
