Madjymode Salon de Beauté

Madjymode Salon de Beauté

Partager

Madjymode est un nouvel espoir dans le monde de la cosmétologie. Il est un trésor tant par la magie des lieux que par l'acceuil et le professionalisme.

29/07/2026

Mwen pat fè 1 an nan prizon an, lanmou nou, priyè ak bon enèji nou te voye pou mwen yo te rive jwenn mwen. Jodi a mwen deyò. Mèsi… pap janm sifi. ❤️🙏🏾

29/06/2026

Nou Oblije pote teks sa pou ou akoz lanmè Karayib la ki kòmanse bay gwo sekous depi plizyè jou.

*TI KONSÈY S.O.S HAÏTI-MÉTÉO POTE POU NOU, SITOU POU MOUN KI ABITE NAN VIL KOTYÈ YO🌊*

_-Tsunami c yon katastwòf natirèl ke jenerasyon aktyèl an Ayiti a poko eksperimante li, menm jan 12 janvye 2010, popilasyon an potko viv sak rele tranbleman de tè e akoz d mank konesans li sou katastwòf sa, anpil moun t mouri mal paske yo pat konnen sak tap pasea reyèlman, anpil moun c anndan kay yo t kouri al abrite yo, sa ki t antre anba mi, al kanpe anba poto etc... Jis paske yo pat ko viv evenman sa e yo pat fòme pou konnen kijan pou yo t konpòte yo, alòske nan tan pase yo Ayiti t konn frape pa anpil tranbleman de tè devastatè e menm tsunami tou men popilasyon an pat janm fòme e prepare pou katastwòf sa. E nou pata renmen yon lòt katastwòf ki nouvo pou popilasyon an fè menm dega yo, e se pou sa nap bay ti konsèy sa yo sou tsunami pou moun ki abite vil kotyè yo, tout gran peyi toujou fè sa regilyèman pa sa yo rele similasyon._
*- Kisa ki deklanche yon tsunami?*
_• Se lè li fè yon gwo tranbleman de tè nan lanmèa e dèfwa moun nan kot yo konn pa santil, ki c yon gwo pwoblèm e se pousa gran peyi yo plase aparèy nan lanmè a ki rele "bouée" ki pou gentan voye sinyal pou alète popilasyon vil kotyè yo ke gen yon tsunami kap vini pou yo sove vi yo._
*-Siy ki montre pral gen yon tsunami🌊*
•Yon gwo tranbleman de tè kifèt nan lanmè a
• Lanmèa rekile sou plaj yo.
• Lanmèa konn gwonde tou.
*- Lèw wè sa yo kisa pou fè ?*
• Elwanye rapid vit vil kotyè kotew yea, epi chèche yon kote ki wo tankou yon mòn oubyen yon montay pou kouri al monte sou li avan tsunami an rive.
• Pandan ou nan nivo elvea chèche pran nouvèl pa radyo oubyen telefòn smatfòn ou pou konn sa pou fè.
• Siw konnen ou pap gentan rive sou montay pou abritew la, pa kouri antre nan kay ki pre lanmèa pou al monte sou do kay li pou abritew paske selon fòs tsunami an li k fraktire kay sa e menm efondre.

Remarais.

28/06/2026

Sòti premye pou Rive 27 jen 2026, Latè anrejistre 17 tranblemanntè ki te gen mayitid 6.0 oswa plis depi kòmansman mwa a.

Mwa jen an make pa yon aktivite sismik ki te trè entans, avèk plizyè gwo tranblemanntè, tankou gwo doub tranblemanntè ki te frape Venezyela ak tranblemanntè trè pwisan ki te frape Filipin yo.

📍 Prensipal evènman yo:

Fen mwa jen (24–27 jen) 🔹 M 7.5 — Yumaré, Venezyela (24 jen) 🔹 M 7.2 — San Felipe, Venezyela (24 jen), ki te fèt sèlman 39 segonn anvan tranblemanntè prensipal la. 🔹 M 6.9 — Kuji, Japon (24 jen)

Mitan mwa jen (10–19 jen) 🔹 M 6.6 — Petropavlovsk-Kamtchatski, Larisi (19 jen) 🔹 M 6.0 — Petropavlovsk-Kamtchatski, Larisi (19 jen) 🔹 M 6.6 — Dòsal Mwayen Atlantik la (17 jen) 🔹 M 6.7 — Palu, Endonezi (16 jen) 🔹 M 6.3 — Dunhuang, Lachin (16 jen) 🔹 M 6.2 — Pondaguitan, Filipin (15 jen) 🔹 M 6.0 — Zile Auckland, Nouvèl Zeland (10 jen)

Kòmansman mwa jen (1–8 jen) 🔹 M 7.8 — Kablalan, Filipin (7 jen), pi gwo tranblemanntè mwa a, ki te lakòz yon alèt tsunami. 🔹 M 6.5 — Balangonan, Filipin (8 jen) 🔹 M 6.1 — Balangonan, Filipin (7 jen) 🔹 M 6.0 — Pangian, Filipin (7 jen) 🔹 M 6.1 — Severo-Kourilsk, Larisi (7 jen) 🔹 M 6.1 — Mantua, Kiba (8 jen) 🔹 M 6.2 — San Lucido, Itali (1ye jen)

📊 Pami 17 tranblemanntè sa yo, twa te depase mayitid 7.0: youn nan Filipin ak de nan Venezyela.

🌎 Menmsi kantite tranblemanntè ka varye natirèlman chak mwa, gwo konsantrasyon evènman enpòtan sa yo fè mwa jen 2026 tounen yon peryòd ki vrèman remakab sou plan aktivite sismik mondyal.

✍️ Faustin Berthony.( Ankèt Sismik)

14/06/2026

Bravo Grnadye yo. Belle match.... nou kanpe red ak nou. Nap vanse pou pi douvan.

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Coiffure la plus cotée à Port-de-Paix ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Le Marien S. A (Station National) Avenue Des Trois Rivières
Port-de-Paix
00116

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 08:00
Mardi 09:00 - 08:00
Mercredi 09:00 - 08:00
Jeudi 09:00 - 08:00
Vendredi 09:00 - 08:00
Samedi 09:00 - 08:00
Dimanche 09:00 - 08:00