RADIO TELE Ekilib
Analiz san fòs kote chita nan EKILIB la
Nou fe chwa poun sevi kominote ayisyen nan nan pataje bon jan enfomasyon de fason reponsab e serye
Wap jwenn enfomasyon politik, sosyal ak ekonomik yo sou depatman Latibonit ak nan lot rejyon peyi.
Grenadye Alaso!
Mondyal 2026,moun Senmak pral souke beton an.
Anba lidèchip Legliz katolik Senmak, sou direksyon Pè Wattson Louis, ak Asosyasyon Antreprenè Senmak yo (AESM), ki gen nan tèt li Garry Dalencourt, popilasyon Senmak la mobilize pou de foule beton an nan lari vil Senmak,nan lide pou voye enèji pozitifif pou seleksyon nasyonal foutbòl ayisyen an.
Samdi ka p 13 jen 2026 la, jou premye match Grenadye yo nan Mondyal la, yon gran defile patriyotik ap fèt pou montre solidarite ak ankourajman pou ekip nasyonal la.
Moun Senmak pral mete pye yo atè pou Ayiti! Grenadye Alaso!
Toup pou yo!
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman
Ansyen polisye 4yèm pwomosyon PNH la, Lorigène Jean Baptiste, ki soti nan 3yèm seksyon Machan Desalin, mande fòs lòd yo pou akselere ak seri entèvansyon yo nan baz Kokorat san ras, nan komin Lestè, pou ratibwaze gang sa yo nèt nan zòn.
Yon lòt bò, Lorigène Jean Baptiste lonje dwèt sou kèk manm gwoup otodefans ki,yo menm tou ap fè popilasyon an abi.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Nan okazyon Fèt Manman yo, jounen 31 me 2026 la, kowòdonatè Komite Inisyativ pou Lapè nan Balatibonit (KILBA), André Saint Louis, distribye ti anvlòp lajan bay plizyè dizèn manman ki viktim masak Jan Deni yo nan vil Sen Mak.
Distribisyon sa a te fèt gras gwo sipò ansyen senatè Youri Latortue, kòm yon jès solidarite anfavè manman viktim yo ki jiskaprezan toujou ap viv nan kache nan Senak.
Kowòdonatè KILBA a pwofite kritike minis Afè Sosyal la, li li di ki pa janm pote asistans ni montre enterè sou move sitiyasyon manman viktim masak Jan Deni yo.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Kowòdinasyon pati politik MPH la, ak ekip ansyen senatè Carl Murat Cantave nan Balatibonit te selebre jounen Fèt Manman yo, dimanch 31 me 2026 la, ak plizyè 100tèn manman ki soti nan divès zòn nan rejyon an.
Pwofesè Marc Eddy Estimé, fidèl ak angajman li, te pwofite okazyon an pou preche levanjil pati MPH la, yon pati nan vizyon ansyen senatè Carl Murat Cantave devan piblik la.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
FANM KONSA te distribye kit alimantè bay manman yo nan sit deplase ki nan Ti Sitwon, nan kay Pastè Mona, nan lavèy fèt manman yo,jounen samdi 30 me 2026 la.
Kowòdonatris FANM KONSA a, Sherley Delva pwofite okazyon an pou ankouraje lòt òganizasyon yo pote sipò bay moun ki deplase fòse yo, k ap viv nan move kondisyon sou diferan sit yo.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
OAVCT Senmak onore manman yo nan lavèy fèt la!
Nan yon anbyans kè kontan,OAVCT Senmak onore manman yo kap bay sèvis nan enstitisyon an,jounen 29 me 2026 la.
Pou make okazyon an, yo te ofri yon rabè espesyal ak tout kliyan ki te vin renouvle polis asirans yo pandan jounen an, dapre responsab prensipal la, Wilson Michel.
Anplwaye Marie Carmel Joseph Célian te felisite epi remèsye direktè jeneral la, Jocelin Pierre, pandan li te ankouraje l kontinye sipòte manman yo nan enstitisyon an.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Mondyal 2026/ Grenadye Alaso : Legliz Katolik la rantre nan batay la
Kire Legliz Notre-Dame du Perpétuel Secours de Fleurenceau nan vil Semak, Pè Wattson Louis, lanse yon gwo apèl bay pèp ayisyen an, espesyalman popilasyon Senmak la, pou patisipe nan yon gran mach patriyotik 13 jen 2026 k ap, menm jou Seleksyon Nasyonal foutbòl ayisyen an pral jwe premye match li nan Mondyal la.
Pè a envite tout fidèl legliz Bondye a, ak tout sitwayen ,pou mete tèt ansanm pou montre solidarite yo ak Grenadye yo, pandan y ap leve vwa yo nan lapriyè pou lapè, inite ak viktwa.
Li pwofite tou raple tout moun gwo fèt patwonal Notre-Dame du Perpétuel Secours la ap selebre 27 jen 2026 k ap vini la a, li ankouraje popilasyon an vin patisipe an kantite nan evènman sa a.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Balatibonit / Ensekirite
Bwa mare pou popilasyon an nan 4èm seksyon Senmak
29 me 2026,abitan nan lokalite Jannen ak Jilbè rapòte prezans plizyè jenn gason ame ak gwo zam fann fwa k ap tabli baz yo nan zòn sa yo,moun yo ratibwaze.
Yon sitiyasyon an kreye gwo panik nan sant vil Senmak, kote divès pitit Wodsenmak pa mete dlo nan bouch yo,pou mande otorite lòd yo aji an konsekans.
Moun Balatibonit kritike fòm operasyon mòde lage lapolis nan rejyon ap mennen fas ak gang yo,sa ki mete lavi popilasyon an pi an danje.
"Lafimen pa touye moustik,li repouse l pou yon ti tan,men lap retounen". Moun yo denonse sa yo rele "operasyon plagatòks" otorite lòd yo plede ap fè nan rejyon an,ki lakoz bandi yo vin pi kriminèl fas ak popilasyon an
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Pub:
Machin ou se karaktè w!
Se style ki make prezans!
Chanje tanperaman w!
Fè diferans lan ak yon Jeep Wrangler 2016 ki pwòp, solid, epi pare pou nenpòt avanti.
Sèlman 25,000 miles
Konfò ak fòs ansanm
Si w ap chache yon machin ki gen klas ak pèfòmans, men opòtinite w.
Se tèt klasman an ki di w sa.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Contact the business
Telephone
Website
Address
Boynton Beach, FL
34120
